Pour La Promotion de l'ART Évangélique à travers le Monde  Haiti                                    

  Player   1

MEN MWEN JEZU

Texte et musique de Jose Bautista

 

 

I

Chak fwa’m tande

Vwa papa bondie

Pale avè’m pou fèm konprann

Volonte li, nan lavi mwen

Mwen pran tan pou’m konprann

 

Chak fwa m tande vwa papa bondie

Dikte’m ki rout, ke mwen dwe swiv

Mwen toujou kite dezi pam yo

Mennen mwen nan erè

 

 

Men mwen Jezu, m’bawou lavi-m

Lesprim kòm nan’m mwen

Tout se pou ou, m’lage m nan bra ou

 

Mwen vle padon’w vle agreab nan zie-w

 

Tande priye’m se kri kè mwen segnè

 

 

II

Ou pwoteje’m devan tout danje

Ou ouvè pòt lòm paka louvri

Ou netwayem chak fwa mwen sal

Ou vide gras sou mwen

Mwen vle baw plis plas nan lavi mwen

Mwen vle konprann ou plis chak jou

Mwen tande lè-w pale avè-m

Dirije lavi mwen

 

III

Si’m gen 2 jou

Pou’m viv ankò pran mwen kache’m

Anba zèl ou

Konsa mwen sur

Mwen pap pèdi

Presans ou nan lavi-m

 

Player   3 

MWEN VLE

Texte et musique de Jose Bautista

 

 

I

 

Nan pawòl ou, ou di konsa’a

Si nou mande-w na va trouve

Men map mande-w, tanpri segnè

Tande kri kè mwen en en

 

Mwen ta renmen, vini pi pre-w

Sanm pa genyen, kerèl nan kè e em

Jalousi ak, move panse

Chase yo o nan mwen en

 

 

 

Mwen vle pou nanm mwen beni-w

Retire nan mwen tout sa ki pa bon

Mwen vle genyen yon lot vi

Met nan mwen segnè kalite pa ou yo

 

 

II

 

Lè mwen peche, ou padone’m

Chak fwa’m tonbe, ou leve mwen

Depi se mwen, ou trè pasyan

Mesi pou lanmou ou sa

 

Lè’m panse’m sèl, ou toujou la

Lè’m inkyete’m, ou banmwen fòs ou

FRANCHMAN bondie, mwen pa gen mo

Pou’m di’w jan m renmen -w

 

 

III

Retire ènn, banmwen lanmou

Pran feblès mwen, ban mwen fòs pa a aw

Pran chagrin m yo ban mwen jwa paw

Fè mwen jan an ou vle e

 

 

Player   5 

MÈSI

Texte et musique de Jose Bautista

 

 

 

I

Jezu, se ou men’m ki tout fòs mwen

Se ou-k pi bon zanmi mwen

Si-w pat nan lavi mwen

Ki moun ke mwen ta ye.

 

Jezu, se nan ou mwen jwenn repo

Se kote-w mwen vle rete

Ede-m pou-m pa glise

Sou rout salu ya a

 

Kè :

Mèsi pou lavi ou ban mwen

Mèsi pou lespri-w ki nan mwen

Mèsi dèspke ou chwazi mwen

Nan ou mwen jwenn lavi

Ki pap janm fini.

 

 

II

Jezu, pafwa’n di sa’n pa dwe di

Pafwa’n fè sa’n pa dwe fè

Malgre defo nou yo

Ou fè-n pitit ou

 

Jezu, nan tristès ou pot la jwa

Nan fè nwa ou pot lumyè

Lè-w la pagen pwoblèm

Ki pa ka rezoud

 

 

Player   7 

TEMWAYAJ PA-M

Texte et musique de Jose Bautista

 

 

 

I

Si-m chwazi levanjil

Rezon yo anpil

Mwen pap ka explike

Tan sa-a pap ase

Sel bagay mwen ka di-w

Bay Jezu lavi-w

Vi pa’m se-on temwayaj

Kiranpli louwanj

 

O !   Mwen pa poukont mwen NON

Jezu toujou la

Menm lè-m nan fè nwa

Jezu pa janm pè

Kris pran problèm mwen yo

Sousi-m yo ale

Jezu nan lavi-m

 mwen se-on moun ki byen

 

II

Si ou malad zanmi

Jezu konn gueri

Si ou dekouraje

Lap rekonfòte-w

Si ou renmen richès

Jezu se richès

Jezu-m nan inkonparab

Se TEMWAYAJ PA-M

 

 

Player   2

POUKI

Texte et musique de Jose Bautista

 

Kè 1

 

Pouki visaj ou make chagrin

Pouki la fwa w diminie konsa

 

 

I

 

Wape sèvi yon bondie ki gen tout pouvwa

Toutan wap di’l poutan nan lavi’w se pa sa

Ou toujou di ke ou se pitit yon gran rwa

Ou konpòte-w tan kou yon moun ki san espwa

 

II

Jan wap mache ou pa ta di w’pa konn bondie

Tèlman ou mache avèk gro dekourajman

Lè wap priye ou pafè-l avèk konviktyon

Ou pa chèche bagay spirityèl pou nanm ou

 

 

  1

Ke  2

 

Gade monchè konprann ou

Gade machè konprann ou

Si-w di-w kretyen

Konpote-w kòm kretyen

 

 

III

 

Lè-w gin pwoblèm Pouki ou pa rele jezu

Telefònn pa Jezu yan pa janm konn anpann

Se-on lign dirèk se jezu menm kap reponn ou

Olye –w rele lòt moun pito-w rele Jezu

 

Kè 3

 

Rele Jezu, la geri nanm ou

Rele Jezu, la ba ou lavi

 

Player   4 

AVEC JESUS

Texte et musique de Jose Bautista

 

 

I

Ferme les yeux,

Pense à Jésus.

Ouvre ton cœur

Laisse –le rentrer

A

Et tu seras rempli

Si tu le veux.

Et tu seras béni

Si tu le crois

B

Et tu seras victorieux

Par son sang

Et tu seras le plus fort

Si tu as la Foi

 

REFRAIN

 

Avec Jésus

Rien ne peut te résister

Avec Jésus

Tu rayonnes de Joie

Avec Jésus

Tu vas de l’avant

Avec Jésus…

 

 

II

Demande pardon

Pour tes péchés

Demande-lui grâce

Pour ceux-la qui ne t’aiment pas

Fais-le avec amour

Pour plaire a Ton Dieu

Fais-le chaque jour

Pour t’approcher de Dieu.

 

Player   6 

TOUT MWEN

Texte et musique de Jose Bautista

 

Lè pwoblèm yo la yo sakaje-m

Mwen santi tout fòs mwen ale

Lesprim boulvèse, map inkietem

Pouki se konsa mwen santi-m

Jezu, lonje men ban mwen

Jezu ede mwen…

Ede mwen bon’on papa

 

Ede mwen..Ede mwen..Ede mwen

 

Mwen santi-m pi byen lè-w kinbe menm

Depi ou la fòs mwen double

Lè-w avè mwen m’toujou gen viktwa

San ou nan lavi-m pa anyen

Jezu, se ou m’genyen

Jezu kache mwen, kache mwen bon’on papa

 

Kache mwen..Kache mwen..kache mwen

 

Mwen ta vle sanble-w nan tout bagay

Kenbe-m pou piye mwen pa glise

Mwen bezwen lapè-w nan lavi mwen

Sou rout difisil ke mwen ye

Jezu, sere-m pi fon

Jezu mare mwen, mare mwen bon’on papa

 

Mare mwen..Mare mwen..mare mwen

 

Gen kèk bagay ke map chèche

Se avè yo m’ka rive

Sanntifikatyon, Umilite

Se premye bagay mwen bezwen

Jezu, se ou m’fe konfians

Jezu ou se tout mwen, ou se tout mwen bon papa

 

Ede mwen..kache mwen..Mare mwen..Tout pou mwen.

 

Player   8 

LOUWE NOM LI

Texte et musique de Jose Bautista

 

 

I

Mape reflechi anpil

Pou mwen jwenn kisa pou m di

Ki ka explike tre byen

Grande bondie

KE   MWEN AP E   A DO RE

Pa gin mo ki gin vale

Ni riches ki ka paye

Lanmou bondie gin pou mwen

Depi m existe

 

Ke

Map louwe nom li (3 fwa)

Paske li se sove mwen   (2bis)

 

II

 

Ou di m ou se beje mwen

Mwen pap janm manke anyen

Avnim kote w garanti

Se pou sa ke mwen

MWEN   AP E    A DO RE OU

III

Ou mouri pou mwen

Ou ban mwen lavi

Ou banm sintespri

Pou ede-m konprann

Tout sak bon pou mwen

Ou toujou ban mwen l

 Mwen pa bezwen pe

Mwen pap panike

Pou anyen   NON

Pou anyen   O

Paske ou gran

 

Ke II

Map exalte li (2 fwa)

Paske li se sove mwen (2bis)

 

       

VERSION SALSA, MEN MWEN JEZU                     VERSION BOLERO, MWEN VLE                               IMAGINÉ ( INSTRUMENTALE)